#Thread

Bonjou tout moun,

Jodia me ta renmen yon fè ti pale sou #EQ & #IQ ki se 2 tip entèlijans.

#EQ ( Emotional Quotient) ki se Entèlijans Emosyonèl.

#IQ ( Intelligence Quotient) ou ka di li yon Entèlijans ki akademik.

Nap kòmanse ak #EQ
#EQ, daprè depatman Epsikoloji Inivèsite New Hampshire, EG se abilite yon moun genyen pou li pèsevwa, kontwole, evalye, e eksprime emosyon li. Nan yon pati yo kontwole EQ nan fason ou aji e kontwole emosyon ou ak lòt moun.
#IQ li menm li detèmine selon abilite akademik ou. Genyen plizyè tès estanda pou pase, yon fason pou idantifye yon moun ki gen yon entèlijans ki depanse “ Surdoué “ ak yon lòt moun ki gen yon entèlijans ki limite akoz de kèk defi ou pwoblem mantal.
Eske EQ & IQ yon moun ka amelyore?

Entèlijans Emosyonèl ou pi eveye si depi piti yo te konn abitye’w ak pataje, panse ak lòt moun, e mete’w nan soulye yon lòt moun. Gen jwèt ki la ki la pou ede timoun nan sans sa, e EQ yon granmoun ka amelyore si li antrene pati sa.
Entèlijans akademik ( IQ) lan li menm li plis jenerik. Men gen plizyè fason ou ka ede yon moun amelyore e itilize tout potansyèl li. Ou ka nouri sèvo a, fè egzèsis mantal avek li, oswa fè moun aprann panse yon fason ki pi oze, ki plis an deyò de panse nòmal li.
Yon moun ki gen yon #EQ ki wo se yon moun ki souvan yon gran “leader” ki gen yon bon espri dekip Paske li ka konprann lòt moun byen, e kontwole yon sitiyasyon emosyonèl.

Yon #IQ ki wo, moun sa souvan rete nan limen ak lespri li. Li pa renmen gwoup ke, se liv li ak pwojè li.
Kisa ki pi enpòtan #EQ oswa #IQ?

Opinyon yon diferan, nou deja konn sa. Mond #EQ an di “ IQ ap ede’w avek defi lekol, pati akademik. Men EQ ap ede’w avek defi lavi a met sou wout ou”

E gen lòt moun ki kwè ke “capacité cognitive “ ou ap plis ede’w fè siksè.
Gen yon etid kite mete yon pakèt rezilta sou konparezon IQ & EQ, moun ki tap fè rechèch yo te wè ke IQ reprezante plis pase 14% nan radman travay, pandan EQ gen mwens ke 1% . Pou yon bon tan ke moun ki te toujou panse IQ se sèl mwayen pou mezire siksè.
Men gen etid ki moutre gen yon relasyon dirèk an moun ki gen yon EQ ki wo avek siksè pwofesyonèl. Moun ki gen #EQ ki wi akonpli plis, paske yo travay byen an ekip, e pran plis inisyatif. Gen anpil gwo antrepriz ki mande pou moun pase tès EQ an avan yo rive anboche yo.
An gwo, li enpòtan pou nou konprann nivo Entèlijans yon moun, e konnen tout moun pa pèfòme menm jan. Kapasite pa’m pa kapasite yon lòt moun. Sa pa vle di mw sòt ou pi Entèlijan, se jis nou pa nan menm nivo dentèlijans.

Mèsi 🙏🏽 pou tan ou pran pou li.
You can follow @jleo509.
Tip: mention @twtextapp on a Twitter thread with the keyword “unroll” to get a link to it.

Latest Threads Unrolled:

By continuing to use the site, you are consenting to the use of cookies as explained in our Cookie Policy to improve your experience.